
Nan kèk evènman ak aktivite jèn yo ap òganize jounen jodi a, nou remake yon nouvo tandans kote medam yo ap mete penti devan gason, epi gason yo menm ap met penti sou tet€ medam yo. Aktivite sa yo fèt kòm yon fòm amizman ak ekspresyon atistik, kote jèn yo santi yo lib pou eksprime tèt yo san anpil baryè.
Pou anpil moun, sa se jis yon fason pou jenès la pran plezi, detann yo, epi viv moman yo ansanm. Yo wè sa tankou yon jwèt oswa yon eksperyans sosyal ki pa gen move entansyon ladan l, men pito yon fason pou kreye souvni ak ranfòse relasyon ant zanmi yo.
Sepandan, gen lòt moun nan sosyete a ki pa wè bagay la menm jan, yo panse li depase limit tradisyon ak valè kiltirèl yo. Sa louvri yon deba sou kijan jenès jodi a ap evolye, ak kijan balans ant libète ak respè dwe jere nan aktivite piblik
