
Demwazèl sa vin viral apre li te fè konnen li te rapòte mennaj li bay otorite imigrasyon apre li te dekouvri li t ap twonpe li ak youn nan zanmi li yo.
Nan yon videyo k ap sikile sou entènèt la, li di li te bay detay tankou kote mennaj la travay ak adrès kay li, li te di li bezwen voye li tounen nan peyi li pou “aprann disiplin.”
Sitiyasyon an lakòz yon gwo deba sou entènèt. Gen moun ki wè sa kòm yon revanch ekstrèm ki depase limit, pandan lòt moun ap poze kesyon sou etik pou enplike otorite imigrasyon nan yon konfli pèsonèl nan yon relasyon.