Ayiti antre nan nivo alèt militè ki pi wo nan tout listwal jodi lendi 6 avril la

Fòs Lame Ayiti yo ap mete an aplikasyon depi lendi sa a “Kondisyon D”, ki se pi wo nivo alèt nan enstitisyon an, kòm repons ak ogmantasyon vyolans lan epi apre rive premye sòlda nan fòs espesyal Nasyonzini an (GSF) pou konbat g@ng yo.

Ministè Defans lan bay lòd pou deplwaman imedya pèsonèl, rele tout sòlda tounen sou pòs yo, sispann tout pèmisyon, epi fè mete inifòm obligatwa. Yo pran tou mezi pou ranfòse kontwòl antre nan baz militè yo, kenbe bon jan dosye ak rapò operasyonèl, epi mande pou tout pèsonèl disponib totalman apati 8è nan maten.

Kòmandan yo dwe prezante nan 24 èdtan bezwen lojistik yo pou asire 30 jou fonksyònman san entèripsyon. Nenpòt moun ki pa respekte lòd yo ap sibi sanksyon dapre Kòd Jistis Militè a.

Depi 2018, Ayiti ap fè fas ak yon kriz sekirite san parèy, kote g@ng yo kontwole yon gwo pati nan Pòtoprens.